AlCol Sa Bon Wi!!!!
- creonshaiti
- 29 oct. 2016
- 10 min de lecture
Nan kelke tan, pou satisfe on maksimom de moun, Creons prevwa ekri atik yo a lafwa an kreyol e an franse. Saw pral li la se premye teks an kreyol kap afiche sou sit la.

Li met chale ! Li kreye vibe, met ti kouleu pal, fè moun renmenl plis ! Li bay metye a tout li menm. Li rele Alim Benedict Aubry Colin e li son rapè, dj/produkteu nan kapital la.
-Creons : Bannou on bref prezantasyon de ou menm.
-AlCol : M se Alim Benedict Aubry Colin. M son rapeu, dj/producer. Non dartist la se AlCol ki sot nan nonm. Bon, m toujou senplifye pou tout moun, paske non an ase long. M pran premye prenon an ki se Alim, non d famiy la ki se Colin, donk an peu d mo se Alim Colin. Donk non dartist lan soti nan bon nonm, m pran Al nan Alim epi Col nan Colin. Tout moun panse se gwog m bwe, ke non tafya a se nonm li ye.
M te komanse avèk rap anvan. Mizik te toujou plis enteresem kotre choz. M di mizik paskem toujou renmen danse, etc. Men anvan m te rantre nan mizik a propreman parle m te konn desine ( m toujou desine). M te enterese avèk pwezi, depi lekòl, tout 8èm m te konn ap fe esè, ekri roman, tout bagay sa yo. Men m vin fini pa antre nan rap, paske mond lan te enteresem pa rapo au fait ke se te mizik ki konbine avèk pwezi a. Donk se te komsi on mond, on senplifikasyon de sa m te bezwen fè nan toule 2 chan yo. Olye m te limite tèt mwen nan ekri pwezi selman, oubyen al fè mizik sèlman, m te vin jwenn rap la ki se konbinezon tou 2 a. Nan fenomèn rape a, anvan li te difisil poum te jwenn beat paske ou konnen lew ap komanse ou pa jwenn moun ki pou fè beat pou ou. Donk m te konn ap download beat, rape. Epi de la etan, mwen vin rankontre on patnè. Yo te prezantem li kom on moun ki konn fè beat, epi la m te enterese avèk mond lan paske la m te konn on moun ki direkteman ap fèl. Donk m vin enstale software pou beatmaking, epi mantre nan fè beat ; men m te rantre nan fè beat pou AlCol rapeu a, se te on form de back up pou rapeu a. Epi de la etan, pa rapo a antouraj mwen, m konn kelke nèg ki DJ, tankou Oh Live. Nèg sa yo te antouraj direk mwen. Donk m te vin enterese a Djing nan. Men a tout sa, m te toujou anvi fè DJ pou m backup AlCol rapeu a, paske e sak te toujou objektif la. M vin eseye fè sa, fè beat. Ou konnen, mond Djing nan diferan de mond rap la, menm si se mizik : paske on producer, on nèg kap fè beat, swa pou club, swa pou mizik sosyal, mond lan vast. Men, pou fè beat pou AlCol, mwen di bon, kom mwen gentan nan mond DJ a, mantre ladann, beat mwen pa oblije beat rap esansyèlman, li ka sèvi pou DJ a tou. Men sak vin rive, au fur et a mesur wap fè on bagay, wap grandi, wap wè kisa ki ka baw kòb. Ou paka ap fè on bagay pou pasyon sèlman, dèfwa fòw ka achte on jean ou met sou ou. De la etan, m wèl pa tap rantab pou map fè beat rap pou AlCol [..] donk kot on moun ap fè on evenman, li pa bezwen on rapeu (son bagay yo minimize ase souvan ) men lap toujou bezwen on DJ ki pou vin roule mizik kel renmen yo. Donk a defo de fè mizik pou tout moun ki renmen mizik […] m vin ap pwodui nan sans DJ a. M fè beat nan sans DJ a ki pa twò deranje AlCol tou an tan ke rapeu, paske m te ka toujou lage sou li.
-Creons : Donk ou toujou kontinye kom rapeu ?
- AlCol : Wi, m toujou kontinye kom rapeu, de tanzantan, paske manrejistre lakay mwen, m fè tout afèm pratikman poukont mwen. Avèk le tan m vin rankontre kèk nèg tankou Jonathan Cindir, Cedric ki banm push la sou aspè teknik lan men ansanb lan toujou egziste. Alcol rapeu, DJ, producer.
-Creons : Pour pati rap la, ou anrejistre. Men eske mizik yo deja deyò ?
- AlCol : Wi, men rap la, li komanse paske m renmen sa. Mwen anrejistre lakay mwen, se a pèn mwen genyen 2 ou 3 mizik ki anrejistre ofisyèlman nan studyo an deyo de lakay mwen. M te komanse paskem renmenl, li kontinye paskem renmenl toujou. Paske son bagay mwen te vin konstate, janm tap diw taleu a, ki pa fasil banm kòb nan bezwen an. Donk m te fè etud marche a, m we sak tap favorab pou mwen, pou bous mwen. Donk m toujou fè rap paskem renmen sa. M panse kel ka banm kòb sur le long term, men fòm parèt sou mache a,e fason m parèt sou mache a anpechem a on serten nivo focus sou rap la, men son bagay janm tap diw la ki toujou f‘è pati de ansanmb lan. Donk a nenpòt ki moman la ou gendwa wè m chwazi an tan ke AlCol m soti on mixtape rap, se pa on bagay mwen abandone, mwen toujou fèl. E donk pou reponn a kesyonw lan : wi, gen kèk ki poste sou soundcloud, paske premye soundcloud mwen se te AlCol pou rapeu a. Donk wap jwenn on pakèt track ki disponib, e ¾ ladan yo se sou beat ki pa pou mwen, men janm te diw nan komansman interview a, se beat ke mwen al telecharje e mwen rap sou li.
-Creons : Ou son moun ki gen pasyon pou domèn artistik. Ou palem de literatu, desen, beat, etc. Nan tout sa yo, nan kisa ou plus ladann, ou plus konsantre, e ou pi bon ladann ?
- AlCol : Bon. M paka diw vre nan kisa m pi bon, paske m fè tout ak menm lanmou an. Peutèt m pa envesti menm kantite tan an, nan moman sa nan tout, li enposib pouw focus sou tout bagay a 100% ansanm, men de tanzantan m fè tout (par egzanp m ka leve maten an la m di se pwezi map ekri). Mekri pwezi paske m renmen sa, m fel. Sa ka rive tou, maten an la m leve, m roule beat nan kay la, map fè beat rap sèlman, men mwen focus sou Djing avèk producing nan moman an, paske se nan branch sa plusoumwen ke ¾ moun ki konn AlCol vin konn AlCol nèt. Donk gon focus moblije mete, pa rapo au fait ke gen anpil moun ki gen plus atant de aspè sa nan AlCol la. Donk fè beat nan sans DJ a, al jwe nan program an tan ke DJ, tout moun plus konn sa, donk moblije mete plus focus sou sa an atandan.
-Creons : Eske gen moun lakay ou ki leve mizisyen, ki fèw antre ladann ?
- AlCol : Non,pa gen moun nan fanmi dirèk mwen ki mizisyen. M se pratikman sèl moun nan fanmi an […] ki antre nan mizik nan tout nivo sa, paske ou konnen, ou ka di ke manmanm pa mizisyen […] men moun ansyen tan sa yo gen abitid al nan koral. Se sèl sa m jwenn, aspè legliz la, ke moun pral chante nan koral, bagay katolik. Men an deyò de sa pa gen moun nan antouraj dirèk mwen ki nan mizik.
-Creons : Beat ou pwodui yo, eske se beat rap sèlman, oubyen gen lot domèn ?
- AlCol : No se pa beat rap sèlman. Mwen te komanse fè beat rap janm te diw avan, ke m toujou fè men mwen pa focus sou li a 100% janm te diw la pou m ka backup aspè DJ a. M vin remarke ke beat rap son bagay ki achte, donk m vin oblije ap separe pwoduksyonm nan, ant fè beat rap paske mache a mandel, gen moun ki achtel, pou yo fè mizik yo menm e aspè Djing nan ki se mwen menm, aspè artistik la ke mwen fèl paskem reyalize ke moun yo renmenl, yo renmen tandel.
-Creons : Lè wap performe kom DJ, ki stil ou jwe ?
- AlCol : Bon,si se te pou mwen, m tap limitem a on stil, oubyen 2 stil byen deternmine paske mwen te jwe a labaz sam te renmen tande. Men ou konnen, lew antre nan mond sa a publik la gonw bagay li mande li menm, kifè ke ou oblije vin open format. Donk mwen jwe ¾ sa ayisyen renmen tande paske m paka jwe tout stil. Menm mwen menm m pa konn tout stil ki egziste nan mond lan. Donk mwen jwe ¾ sa pèp la renmen [..] danceall, riddim on ti kras, raboday lè fèt la move, rap, house music (son stil m renmen) epi afro house epi moombahton. De la etan mwen vin kreye on subjanr ki se moombah-konpa (melanj de moombahton avèk konpa). Map soti premye pwoje a nan jou kap vin la yo, se pa on bagay ke m ko fin travay nèt…
-Creons : Studyo an, se ou menm ki fèl. Di nou nan ki bu studyo a la ?
- AlCol : Studio A c Alcol ki te toujou konn anrejistre lakay li. Vibe la se ke, a chak fwa moun ap mandem kotem anrejistre mizik mwen yo […] m toujou di moun yo nan studyo a, le yo mandem ki studyo m di studyo a, ki kote ? lakay mwen ! Donk se mo kreyòl la ki fè Studio A. Donk siw tap konvètil an franse li tap fè « Le studio ». M just kapitalize A a ki fè Studio A […] men an peu d mo se lakay mwen mwen anrejistre. Bon, ou we promosyon an, paskem m vin deside ke sim fèl yo mandem kotem anrejistre mizik mwen yo sa pa on pwoblem sim ouvel bay publik sa a. Donk de la etan, m vin di, sa pa nui pesòn sim ouvri espas la bay on 5 moun, on 10 moun ki renmenm tou, paskem konnen reyalite a, li pa fasil lew fenk komanse an tan ke rapeu oubyen on chanteu pouw jwenn on studyo anrejistreman kap baw pri poch ou. Paske nèg yo fenk komanse yo pa gen kob, o kontrè se sa yap cheche (fè kob la) donk tout nèg ki ouvè studyo yo vle on standar ki elve pou moun ki nan milyeu underground lan, donk li pa deranje paske lem diw 1000gd pou anrejistre pou kèk moun, yo dim yap relem paske yo poko ka fè kob la, imajinew ! Se nan optik sa mouvè Studio A, se yon bagay tankou on supor gwoup moun sa yo paskem te la tou. Se sa tout istwa studyo a.
-Creons : Daprè sam konnen, ou etudyan Enarts…
- AlCol : Te, m pa fini non men m pa renmen jan yo bay edikasyon an. Li plus on pert de tan kotre choz. Sensèrman, maprann plis lakay mwen, sou internet la, nan liv ke sa maprann lòtbò a.
-Creons : Nan ki disiplin ou te antre ?
- AlCol : M te nan ar plastik. Paskem desine, m te just vle al pi lwen nan branch sa.
-Creons : Donk pandanw kanpe a la, ou toujou amelyore tèt ou nan desen…
- AlCol : Wi m toujou fè sa, paske janm te diw la m ka deside leve on maten m pa sou fè mizik ditou, m just leve e desine map desine.
-Creons : Ki stil desen ou fè ?
- AlCol : M ka diw sam pa fè. Paskem pa janm konnen vreman, son eksperyans a chak fwa ke map desine. Mwen pa fè potre paske m pa renmen sa, em pat janm travay potre tou. Mwen ase … desenm yo toujou plus imajinèr kotre choz men m te toujou renmen li comic books yo depi lontan, donk desine tikomik, cartoon yo, sa te toujou pi enteresem : wap toujou wè nan desenm yo, menm si map eseye fè on bagay ki reyalist, yo akse sou yon bagay (par egzanp on timoun, soulye a twò gwo pa rapo a reyalite a), donk toujou gen on defòmasyon nan sa map fè yo. Donk se sak fè mwen toujou desine sak nan tèt mwen, paskem son moun ki renmen fòm an jeneral, se pa on desen. Donk siw dim fè on desen la [..] ap toujou gen on bagay ki soti de lordinèr. Donk a chak desen son nouvo bagay pou mwen.
-Creons : Depi kilè ou komanse ofisyèlman kòm DJ, paske depi kèk tan nou wè gen on asansyon kap fèt (ane sa ou jwe anpil). Depi konbyen tan wap jwe ?
- AlCol : Mwen komanse an mem tan, pratikman, fe beat epi DJ, se te en 2012 […] donk ane sa fè 4 an pratikman.
-Creons : Kounya ou jwe anpil, ou pwodui beat nan studyo an. Ki pwochen pwojè ou genyen, pou lot ane par egzanp ?
- AlCol : Pou fen ane a la, te gen kèk pwoje ki te gentan an kour ki reyalize pratikman. Nou te di nou tap sòti on mixtape ane sa, nou sòti tequilla mixtape pou summer a, mwen te di tou ke m tap sòti on EP. On EP, pou moun ki pa konnen, se on ti konpilasyon ki gen 3 ou 4 mizik, map sotil nan fen ane a, peutèt fen novanm ou debu desanm, ki gen sujè sa m tap fenk palew de li taleu a ki se moombah-konpa. Lap gen 2 track ki moobah-konpa epi on track adisyonèl an bonus. Donk se sa ki pwojè nan imedya Alcol kòm producer. Apre sa remix yo toujou sòti de tan za ot. Mwen just fè yo epi mwen lage yo sou soundcloud paskem fon playlist « Sa bon wi! » ki se slogan an, donk moun kap suiv mwen de tanzantan wap jwenn on update. Se konsa m fè pati remix lan, men pou pwojè ki 100% orijinal nou gen EP a kap soti pou fen ane a la.
-Creons : Denye kesyon,eskew jwenn anpil moun ki supòtew ?
- AlCol : Bon. Supò a pa janm ase ! Youn nan pi gwo pwoblem ou genyen nan domèn artistik la se ke supò ou ta renmen jwenn nan ou pap jwenn li vre paskew pa konn sa kap supòtew : par egzanp, ou gendwa wè gen 100 moun ki tandew, tout saw lage, ki renmenw anraje, kap pale de ou, menw pa konnen yo ou peutèt pap janm kwaze ave yo, ou ka lakay ou la ou panse pa gen moun kap supòtew epoutan [..] wap sezi wè moun kap di « Apaw pa janm lage anyen ankò ! ». Donk supò dan limedya (paske on atist son èt solite pratikman) lap travay pou anpil moun kel pap janm zanmi avè yo, kel pap janm bay lamen, peutèt pap janm al bwè byè avè yo, bwè on tas kafe. Donk reyaksyon, supò imedya kem jwenn nan se lew sòti vre wal on kote ke yo konnen Alcol ap la epi gen kèk moun kap, swa anvi fè foto avèw, swa pran nimero telefòn ou, swa ap diw sa bon vre, sa move m renmen travay ou, donk se la a… Men, ase supò, m paka diw vre, men m panse ke wi, m pansem jwenn ase supò pou m kontinye fè sa map fè a paske pou tèt pam m gentan ap supòte AlCol paske m son nèg ki gen on mantal ki fò anpil, donk m pa al kite nenpòt ti baga kraze moral mwen, detounenm de objektif mwen.
-Creons : Mèsi AlCol !
Contact AlCol : iamalcol sur facebook instagram soundcloud
@iamalcol sur twitter
Creons Haiti
Facebook : Creons Haiti, instagram @haiticreons
creonshaiti@outlook.com
Comments